Jounalis Romenial Ciclet denonse menas lanmò li di lap resevwa anba men Kenold Jean Michel nan vil Tigwav.

820

04 – 06 – 2024

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Jounalis Ronial Ciclet nan yon entèvyou li akòde ak laprès aprèmidi 05 avril 2024 la, sou plas Fosten Soulouk Tigwav, pa mete dlo nan bouch li pou denonse Kenold Jean Michel ki rale zam sou li anprezans divès sitwayèn ak sitwayen pou menase detwi lavi li.

Aksyon sa a pase a nan Kafou Gran Chemen,11è seksyon kominal Ravin Sèch, Tigwav, ozanviowon 4è nan aprèmidi vandredi 05 avril 2024 la.

Travayè lzprès la nan Tigwav, Romenial Ciclet lonje dwèt jouda li byen long sou avoka Paul Emmanuel li di ki kache dèyè Kenold Jean Michel pou komèt aksyon sa a sou li, akòz Kenold ta akize li kòm moun ki ta fè l pran 3 mw prizon pou granmesi.

Jounalis Romenial anonse li pral pote plent pou Kenold Jean Michel ak tout Avoka Paul Emmanuel bò kote komisè gouvènman pakè jiridiksyon Tigwav la, mèt Pierre Elioth Paul pou l reklame jistis li, pandan l deklare nenpòt sa ki rive li ak fanmi li, se sou responsabilite ekip ki genyen Kenold Jean Michel ak mèt Paul Emmanuel.

Comments are closed.