Prizonye yo nan prizon sivil Tigwav la ap fè fas ak disvès kalite pwoblèm, pami yo grangou ak dlo pòtab.

820

03 – 05 – 2024

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) prizonye ki nan prizon sivil Tigwav la ap fè fas ak divès kalite pwoblèm, pami yo grangou ak dlo pòtab ke yo pa genyen pou yo bwè, selon sa responsab sant kaseral la, komisè Jean Sony Louidor anonse jounen madi 05 mas 2024 la, apwèmidi a..

Komisè prizon sivil Tigwav la, deklare rezon ki esplike pwoblèm lamanjay la, se paske responsab penitansye nasyonal la nan pòtoprens ki abitye alimante prizon an ak manje, pa kapab akoz nèg ame fè kraze brize nan pi gwo sant kaseral peyi a.

Toutfwa, ala tèt prizon Tigwav la komisè, Jean Sony Louidor lanse apèl bay divès sektè kap evolye nan vil la, pami yo, legliz, komèsan, vodouyizan, lòj, sektè politik la, atizan yo elatriye ….pou pote kole nan sa yo genyen, keseswa lajan ou byen manje e dlo pòtab yon fason pou sove lavi prizonye yo annatandan sitiyasyon panitansye a nòmalize.

Comments are closed.