Efò medikal bato lopital ameriken an pa ase pou volim ayisyen ki nan bezwen swen sante

195
0
Share:
TRiboLAND

Vandredi 8 Novanm 2019

Pòtopwens___(TRiboLAND)  Konsta divès milye moun ki alinye e swaf pou jwenn ti kal swen sante gwo bato lopital Ameriken an ap fè charite nan Baz militè Amiral Killick nan Bizoton, se yon sal, imilyan, e menm kontinye denonse nan ki nivo anpil dirijan ayisyen yo dezimanize pwòp sitwayen lakay yo.

Gras a yon tèl inisyativ bò kote responsab otorite ameriken yo, divès pò malere ap benefisye ti moso swen ke yo petèt pa jamè jwenn depi plizyè lane. Volim moun ki debake e konsanti pou pase plizyè jou nan linn pou boske ti kal la sante bay anpil dlo nan je e mete toutouni kriminalite swadizan lidè ayisyen yo ki pa fè pwèv lisidite ak bon sans. Konsa, malerezman bato lopital ameriken USNS Comfort la pa gen ase resous pou reponn a egzijans medikal tout yon peyi ki pa menm ka drese yon plan sante menm pou lopital Jeneral ou ranmase fatra.

Li enpòtan pou peyi a kontinye batay san rete pou debarase peyi a de yon seri dirijan ou politisyen abolotcho ki pa konnen anyen nan anyen si non ke redwi peyi a nan yon nivo kokorat. Konsa, tout tan nou pa genyen yon kouch moun ki gen karaktè, onètete, konpetans ak ti kal konsyans ke moun jwenn lakay tout dirijan ki gen lisidite, rès monn lan ap toujou sezi gade ak degoutans nan ki nivo moun ap batay nan linn pou jwenn ti kal swen sante.

Bwavo ameriken pou yon parèy sèvis! Sepandan, kenbe men dirijan ayisyen pou apwann yo trete pwòp ayisyen lakay yo avèk dinyite atravè yon seri jeran pwojèt sou enfwastrikti sante piblik (lopital, klinik piblik…) , tap pi bèl e onorab e menm chanje pèsepsyon moun ki responsabilize sistèm kapitalis la nan mizè rere peyi Dayiti a.

Share:

Leave a reply