Martine Moise inogire yon nouvo espas medikal pou komin Bawon

207

04/23/2021

Bawon______(TRiboLAND) Pwemye Dàm defakto  repiblik la, Martine Moise inogire yon sant sante jedi 22 avwil 2021 an nan komin Bawon, depatman Nò peyi a.

Martine Moise nan seremoni koupe ruban yon parèy espas medikal, te pwofite voye chay remèsiman pou tout latriye aktè ou kontributè ki te arive rann konstriksyon nouvo asèt medikal sa posib pou popilasyon Bawon an ki te reyèlman nan yon bezwen ekstrèm. “Mwen voye yon remèsiman bay tout aktè nasyonal ak entènasyonal yo pou kontribisyon yo nan fè yon parèy rèv vini yon reyalite pou moun Bawon. E jodia nou kòmanse ap delivwe sante nan Bawon e nan yon pakèt lòt komin nan peyi a, dapwè sa pwemye dàm defakto a fè sòti nan yon tweet.

Martine Moise, nan kàd patisipasyon aktiv li kòm pwemye dàm, montre a plizyè okazyon ke sosyàl ak anviwonnman se 2 pilye esansyèl pou developman peyi lakay.

Comments are closed.