Ansyen chèf rebèl Winter Etienne nan vil Gonaiv anonse yon ofansif “manman penba” pou libere peyi a anba men ansyen prezidan Jovenel Moise

195

02/13/2021

Gonaiv_____(TRiboLAND) Nan yon kòkenchenn konferans ke li bay lapwès vandredi 12 fevriye 2021 an, ansyen chèf rebèl 2004 Raboto a, Winter Etienne deklare ke li pote tout supò li bay nouvo prezidan tranzisyon an ke opozisyon an chawzi a ki se, Mèt Joseph Mécène Jean Louis.

Antouka, Etienne konfime rumè ki t’ap penpennen e ki te vle fè kwè ke nèg ame pral atake komisarya Gonaiv la, pa gen manti nan sa! Li anonse avèk anpil detèminasyon yon ofansif seryez ou san parèy kont plizyè komisarya nan vil Gonaiv ki genyen pou fèt demen dimanch 14 fevriye 2021 an.

Kesyone sou yon parèy ofansiv, Mesye Etienne deklare ke se konmisarya Gonaiv la ki anpeche yo pran bonjan mezi pou enstale nouvo prezidan an. Konsa, malè avèti pa touye kokobe! Chèf rebèl la alète tout moun ki nan perimèt komisarya Gonaiv la pou yo deplase, patikilyèman Lakay Mè ak Pè yo, paske yo deside lanse rokèt pou yon parèy ofansif.

Pi lwen, Mesye Etienne konfime ke objektif pwensipal yo se gen kontwòl komisarya Gonaiv la; mache pran Jacques Ader e fè’l vin jije Raboto; demaske prezidan defakto a sou pouvwa e enstale jan sa dwà nouvo prezidan peyi a nan plas li jan konstitisyon peyi a egzije’l. Li envite popilasyon an atravè peyi a pou yo “pran pasyans, paske kawòt la prèske kwit”.

Nap raple, Etienne bay polisye ki kantone nan komisarya Gonaiv la 24 èdtan pou yo vin depose zàm yo nan Raboto, sinon y’ap pase menm jan ak chimè ke nou pral pase pran yo.

Comments are closed.