Yon prezime chèf gang enskri nan “Bwa Kale” a nan komin Petyonvil.

843

03 – 20 – 2024

Petyonvil, Ayiti ___(TRiboLAND) Makandal Dadal, se non yon prezime chèf gang ki kalifye nan pwogram “Bwa Kale” anba men moun nan lokalite Bwistou, komin Petyonvil aprè midi mèkredi 20 mas 2024 la.

Selon popilasyon zòn Bwistou a ki tap pale, yo fè konnen, yon gwoup gang apèn soti enstale Makandal kòm chèf pou kontwole divès zòn nan komin Petyonvil pami yo Bwistou ki genyen yon bwigad vijilans ki konpoze avèk polisye ak plizyè notab rejyon an ki detèmine pou kanpe anfas bandi sangwen yo.

Nap raple, anba enstriksyon fòmèl, chèf li Babecue, Makandal te apènn finn enstale lòske lapolis desann li, alòske li pat pran anpil tan pou popilasyon an nan Bwistou enskri kriminèl sangwen an nan pwogram “Bwa Kale”

Comments are closed.