Vizit gide Delege Depatmantal Grandans lan nan yon seri otèl nan Jeremi pou chèche ONG kap opere anbachal

877

04- 04 – 2024
Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Fas ak yon latriye òganizasyon raketè, non gouvenmantal kap resevwa tchotcho ak bè magarinn sou non popilasyon an nan Grandans, Delege depatmantal la ak tout direktè Planifikasyon an, te reyalize yon vizit gide nan yon seri otèl, yon fason pou arive lage koukouwouj dèyè yon seri ONG raketè kap fè fòtinn sou do popilasyon ayisyènn nan.

Yo akize malveyan sila yo kòm antite ki fini ak popilasyon an. Daprè Paulemont Michel, mesye dam sila yo, pran yon malen plezi ap gagote, pran plezi, itilize espas otèl yo pou blanchi lajan tankou kòb koperasyon entènasyonal yo ki destine pou amelyore afè moun afè pa bon yo.

San ke yo pa realize anyen, daprè Paulemont Michel, mesye dam yo, pwan plezi yo, kouri machinn , itilize espas Otèl yo pou blanchi ,kòb koperasyon entènasyonal yo , fè don pou amilyore kondisyon lavi moun ki pi pòv yo.

Comments are closed.