Chaje Dafè Etazini nan peyi Dayiti, voye yon mizangàd bay tout profitè program imanitè Joe Biden nan.

1,216

01-15-2023

Pòtoprens, Ayiti____(TRiboLAND) Nan yon mesaj avètisman ke li lage sou rezo sosyàl yo , samdi 14 janvye 2023 a, Eric Stromayer ki se chaje Dafè peyi Etazini pou Ayiti, mete tout raketè profitè angad e li tou pote klarifikasyon sou divès lanvè landwat program imanitè Joe Biden nan.

Pou yon parèy program ki pral ou deja fasilite ayisyen yo antre anndan peyi Etazini atravè yon vwa legal, sipòtè ak tout benefisyè a, pa dwe peye gouvènman ameriken yon santim Lesko. E pou kalifye nan program imanitè a, benefisyè a dwe genyen obligatwaman yon moun ki pou sipòte li, yon moun kap viv sou tèritwa ameriken an e ki genyen yon estati legal. Li dwe pran angajman pou sipòte finansyèman benefisyè a, osito li antre anndan peyi Etazini.

Benefisyè a kalifye pou li kapab mande egalman yon pèmi travay nan peyi Etazini; men, moun ki deja ap viv sou tèritwa ameriken an pa kalifye pou yon parèy program. Se yon inisyativ ki chapante inikman pou moun kap viv deyò peyi blan meriken, daprè yon seri presizyon Eric Stromayer lage sou twal entènèt la.

Stromayer rapouswiv pou li di, “tout moun ou kontrebandye ki tante antre anndan peyi Etazini nan yon vwa ki ilegal, li pap kapab kalifye ou patisipe nan program imanitè a. Diplomat meriken an, ankouraje ayisyen yo pou pa riske pran fwontyè Meksik la ak wout dlo sale a sou ti kannòt po pistaj ki kapab fè reken fè ladènye sou yo.

Comments are closed.