Peyi Laswis deside bay sanksyon LONU yo jarèt nan kad pouswiv kriminèl sipòtè gang ak chèf gang yo nan peyi Dayiti

979

12-17-2022

Bèn, Swis_____(TRiboLAND) Peyi Laswis fè li klè pou tout moun yè vandredi 16 desanm 2022 a, ke li deside pote kole nan kad pote kole pou sanksyone ekip politichyen ak richyen ki destabilize peyi Dayiti nan promote gang ak benyen nan kòripsyon tout kalite.

Se konsa, san rezèv, Konsèy Federal Swis la, prononse’l sou latriye dispozitif ou rezolisyon 2653 (2022), Konsèy Sekirite LONU te adpte nan dat 21 oktòb pase a, pou mete anba kle tout sa sanksyone yo posede, entèdiksyon antre sòti ak anbago sou trafik zam kap dechalbore: trankilite piblik, estabilite ak sekirite peyi Dayiti.

Kidonk, dispozitif peyi Laswis la pou bay sanksyon LONU yo jarèt, antre anvigè nan menm jounen 16 desanm 2022 a. Chèf gang sangwen, Jimmy Chérizier alyàs “Barbecue”, se youn nan nich annafè yo ki nan tèt lis kriminèl yo ki anba sanksyon.

Comments are closed.