Gang Ti Makak asasine ansyen kandida ala prezidans ERIC JEAN BAPTISTE lakay li nan Taraz

1,312

10-29-2022

Petyonvil, Taraz_____(TRiboLAND) Klas politik peyi Dayiti a pran yon lòt gro fwap pou yon nyèm fwa, lidè RDNP (Rassemblement des Démocrates Nationaux et Progréssistes) a, Eric Jean Baptiste atake e asasine yèswa anba bal group gang sangwen Ti Makak nan Laboule nan moman li tap antre lakay li nan Taraz, Petyonvil, daprè yon sous medyatik.

Yèswa li te vè 9:00 vè nan aswè, plizyè rezidan tap miltipliye kri detrès, tèlman zam tap chante nan tout zòn Laboule la. Nèg ke yo ta idantifye kòm bandi group gang Ti Makak pase yon bon bout tan ap teworize, tire gro kout zam e kreye laperèz tribò e pabò. Anpil apèl te lanse nan moman sòlòkòtò teworis la ki fè plizyè viktim.

Eric ki se yon ansyen kandida nan nivo prezidans peyi Dayiti, yon antreprenè enpekab, yon filantropis, propriyetè “Pè Letènèl Loto”, ta sanble mouri ak tout yon sekirite li. Yo tou 2 ta trouve yo nan yon mòg prive nan kapital la.

Jeneralman, moun pa kapab enumere ki kantite moun, group ou kominote atravè peyi a kap viv sou asistans ekonomik Eric Jean Baptiste ki se yon vrè ayisyen otantik e patriyòt san kondisyon ke valpa sangwen egzekite. Ke nanm Eric repoze nan lapè. Ti Makak, ki moun ki prochen viktim nan?

Comments are closed.