3 dwann kamikaz sakaje tèt kay chèf gang sangwen Izo nan Village de Dieu

694
0
Share:
TRiboLAND

03 – 30 – 2025

Pòtopwens, Ayiti_____(TRiboLAND) Fòs sekirite ayisyènn yo lanse 3 dwann malè pandye sou platinn tèt kay chèf gang sangwen Izo ki lokalize nan Village de Dieu, nan Pòtopwens, apremidi 29 mas 2025 lan.

Infòmasyon yo fè konnen ke se te panik total nan kan malfektè yo nan moman atak dwann kamikaz la ki te fè gro eksplozyon. Selon temwen ki te anba gro tonton sesisman ak tranble janm, yon bon valè moun ta mouri e blese. Sepandan atak dwann yo pa janm arive sible gro chèf kriminèl yo.

Antouka, aprè yon parèy atak kamikaz, responsab lapolis yo pa fè sòti oken nòt eksplikatif sou rezilta atak parezaj yo, ki ta sanble fè resèt
akoz plizyè bandi ki ta mouri pandan 3 rakle dwann kamikaz.

Plizyè kritik estime se yon jwèt “fiyèt lalo nad marinad” ke otorite ki mare sosis yo ak gang (protektè ou alye gang) yo ap okestre chak fwa yo remake genyen anpil tole pwotestasyon popilè kont yo. Antouka, dirijan krizokal kontinye ap grate santi, patoje nan kòripsyon e manifeste gro volonte pou livre tèritwa bay bandi, san konte blende kap livre bay bandi sou yon latriye pretèks tèt anba, ki angro montre se gang ki nan tèt peyi a kap kore gang parèy yo.

Share:

Leave a reply