Manifestasyon, nan Grandans pou jounen lendi 5 fevrye 2024 lan: plizyè komin an mòd ĺòk.

891

02 – 05 – 2024

Depatman Grandans Ayiti____ (TRiboLAND ) Pou Jounen lendi senk fevrye 2024 lan, depatman Grandans lan an mòd lòk, baryè nan nivo komin Jeremi; manifestan yo soude yon gro baryè adireksyon wout Avyasyon, komin Abriko, Bonbon, menm pyeton pa kapab sikile.

Menm mouvman blokaj sa a, fèt sou wout nasyonal nimero sèt lan, zonn Kafou Zaboka, nan rantre kay Guy Philippe. Depi plizyè jou machinn paka rantre ni sòti deyo kou andedan nan depatman Grandans lan.

Ankò pou jounen lendi senk fevrye 2024 lan, opozan fawouch kont ekip ki sou pouvwa a, te pwan beton an, nan komin Koray, Bonbon pou kontinye egzije demisyon lèdè krizokal la, Ariel Henry ak tout ekip sangwen kap bay gang jarèt anndan peyi a.

Comments are closed.