Ajan BSAP yo nan depatman Nòdès peyi Dayiti fè yon gwo kout filè jounen vandredi 05 avril 2024 la.

839

04 – 05 – 2024

Wanament, Ayiti____(TRiboLAND) Ajan BSAP yo nan depatman Nòdès la patikilyèman nan vil Wanament, mare kou krab yon latriye jèn fanm ak jèn gason ki pran malen plezi fouye moun, vòlò telefòn ak divès lòt objè enpòtan.

Enfòmasyon sal redaksyon nouvèl TRiboLAND rive rekeyi bò kote kèk ajan BSAP ta fè kwè, endividi sa yo monte yon rezo eskanmòtè nan do lekòl Kay Frè a, Kafou altènativ, kole ak makèt vilaj Desalin.

Nan moman n ap pale la endividi sa yo deja sou kontwòl ajan BSAP yo k ap pare pou remèt yo ak Lapolis.

Comments are closed.