Tab konsètasyon an, nan Tigwav mande enstalasyon ansyen senatè eli kondane Guy Philippe nan palè nasyonal prese-prese.

806

04 – 04 – 2024

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Tab konsètasyon nan Tigwav ki genyen divès òganizasyon pami yo, Kowalisyon pou Sove Lakomin, Emèjans Patriyotik, Bousòl, reprezantan sektè dyaspora a, ak reprezantan ansyen senatè eli kondane a, Guy Philippe, mete tèt yo ansanm nan yon konferans pou la près maten jedi 04 avril 2024 la.

Daprè responsab yo, objektif konferans la, se pou mande enstalasyon Guy Philippe nan palè nasyonal prese-prese epi denonse manèv ak rizyèz kominote “ENTENASYONAL ak KARIKÒM” ap fè pou toujou kenbe Ariel Henry nan figi moun toujou.

Reprezantan ansyen senatè eli Guy Philippe la nan Tigwav, mèt Duval Renald ki te pran lapawòl nan okazyon konferans la, deklare yo chwazi Guy Philippe, se parapò ak konpòtman li afiche bò kote popilasyon ayisyènn nan, diskou l’ap pwone a, montre li kapab ede popilasyon an.

Mèt Duval Renald pa mete dlo nan bouch li pou denonse manèv li di “ENTENASYONAL” la ak kominote “KARIKÒM” ap fè pou kenbe Ariel Henry sinik, bandi, kòwonpi, sou pouvwa a, aloske yo batay anpil pou mete ex-defakto a nan kanpe lwen, pandan l fè konnen entènasyonal la fè divès ane ap okipe yo, yo pa jam bayo chans pou yo eskprime pozisyon yo, tout sa kap bon pou pèp ayisyen an, pou jenès la, pou jenerasyon fiti a, souvan fwa yo fè chwa ki kontrè ak pozisyon yo.

Toutfwa, dirijan Guy Philippe la nan Tigwav, Duval Renald deklare, fwa sa a, se swa entènasyonal la, respekte chwa pèp ayisyen an, lidè yo a, Guy Philippe ou byen yo touye yo tout grenn pa grenn.

Comments are closed.