Kontra minye ilegal : Alix Didier Fils Aimé likide peyi a nan konfyolo

220
0
Share:
TRiboLAND

06/07/2026

Kontra minye ilegal vle di se lè ou bay yon seri gro konpayi eksplwatè kolon eskanmòtè fè dap piyanp sou resous ke yon peyi posede anba tè li; epi brote yo e ale lakay yo avèk yo epi kite peyi viktim nan, nan gwo tèt chaje ekolojik san yo pa benefisye absoliman anyen. Konsa, se yon okazyon pou dirijan, patwon ou konpayi benefisyè itilize ensekirite ou enstabilite sosyal pou ame gang kont tout militan ekolojik ki kanpe anfas pwojè kriminèl ou devlopman makiye kap apovwi peyi tout kote yo pase.

Dènye krim pwòp swadizan pitit peyi a sot poze la, endinyan, enkyetan e menm revòltan! La, nou vle fè referans ak piblikasyon yon seri kontra kriminèl PM Alix Didier Fils Aimé sinye atravè yon konplo entènasyonal kap vize pou eksplwate richès sousòl peyi Dayiti, selon etid bureau des mines et de l’énergie (BME) reyalize nan lane 1993.

Li reyèlman tris pou yon peyi rive nan yon nivo kote yon individi kapab deside yon bon maten sinye san konsantman yon nasyon, 140 kontra minye avèk yon seri konpayi, ki pa fè lòt bagay ke eksplwate ou desose richès yon seri peyi, e kite yo aprè avèk katastwòf ekolojik, maladi, ak povwete. Sa plis ke yon desizyon idyo; yon krim ki ta oblije soulve konsyans kolektif la.

Se vre nou nan mondyàl pou yon dezyèm fwa nan istwa nou; sepandan, li enpòtan pou nou pran ankonsiderasyon yon parèy krim bò kote yon premye minis ki ta sanble pèdi tèt li nan avantire yon peyi nan yon seri desizyon esèvele ke oken dirijan atravè planèt la pat janm pran. Yon parèy eskandal, ta plis sanble Fils Aimé lote ou likide sousòl peyi a tankou byen fanmiy li te kite pou li.

Ke maskarad mafya ou krim sanvègòn sila ke Didier Fils Aimé pibliye ki genyen ramifikasyon avèk Eric Prince alye Donald Trump, san konte yon seri gro manjè kolon kapitalis ki pa sispann deposede Ayiti, Allez au diable! Anplis, ki wòl Jean Max Fils Aimé (Haiti Mining…) genyen pou wè avèk pwojè kriminèl sila yo.

Ke tout sa yo kap kontanple ou distrè yo nan moman mondyàl la; panse reprann tout fòs yo aprè mondyàl pou deklentche kanpay pwotestasyon masif kont tout kriminèl ki likide resous peyi a atravè yon rezo politisyen ak richyen mafya ki deside chanje non sèlman lwa sou minyè anndan peyia, men achte pou ti kras kòb tè abitan yo nan diferan rejyon minyè estratejik, patikilyèman nan depatman Nò ak Nòdwès.

Jimmy Elinor

Share:

Leave a reply