RAMSA selebre 4èm edisyon Jounen Nasyonal yo nan Dèlma, jounen mèkredi 03 avril 2024 la.

854

04 – 03 – 2024

Dèlma, Ayiti__(TRiboLAND) Se sou tèm “Madan Sara”, yon pilye enpòtan pou ekonomi ayisyèn nan”, Madan Sara Ayiti (RAMSA), selebre 4èm edisyon Jounen Nasyonal yo, jounen mèkredi 3 avril 2024 la nan komin Dèlma, depatman Lwès peyia.

Nan moman seremoni espesyal sila, plizyè atizan nan divès sektè te reponn prezan pou te vin ekspoze divès zèv ak pwodui tankou, pwodui agrikòl ak pwodui atizanal, san konte divès lòt pwodui mak fabrik Madan Sara yo.

Madam Jocelyne Jean-Louis, prezidant òganizasyon Madan Sara ayisyen yo ki t ap pale nan moman gwo kanbiz sila, plede anfavè yon kota 30% pou medam yo.

Pou kore demand li an, prezidant lan founi je nan Konstitisyon ayisyèn lan kòm prèv pou sispann rabese medam yo.

Comments are closed.