Okap : Lapolis idantifye endividi ki te tire moun nan dènye jou kanaval la, epi mete lapat sou li

151
0
Share:
TRiboLAND

02/19/2026

Kap Ayisyen, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan fen aktivite kavanal 2026 yo, vil Kap Ayisyen te sou chòk nan moman yon endividi te tire sou 2 moun jiskaske youn te mouri. Smith Bien Aimé, 37 lane, ki se polisye nan 31èm pwomosyon, se li ki te tire Renelson Monchoeur nan ri 17 L.

Daprè enfòmasyon ki disponib yo, ensidan an ta kòmanse apre yon ti bouch louvri ant polisye a ak viktim nan. Se nan moman sa a Smith Bien Aimé ta rale zam li epi bal de (2) katouch. Polisye sa ki te an sivil, pap travay Okap. Selon sous yo, li t ap travay nan Pòtoprens an detachman, men li se moun Nò. Daprè enfo toujou, polisye sa ta gen anviwon kat (4) mwa depi li pa t al travay.

Pou kounye a, li twouve li nan Gadavi, an atandan otorite konpetan yo ap mennen ankèt pou klere sikonstans trajik sa a.

Share:

Leave a reply