NÒDWÈS/SANTE : enstalasyon yon sant inite oksijèn nan Sant Medikal Beraka nan Lapwent

401

Lapwent, Pòdpè___(TRiboLAND) Jounen vandredi 10 jwiyè 2020 an plizyè otorite sanitè tankou: Direktè jeneral sante publik la”Doktè Laurié Adrien “, Direktè medikal Beraka” Doktè Mozard Chérubin “, reprezantan direksyon depatmantal santé piblik nòdwès la ak divès teknisyen te debake nan 2e Seksyon Lapwent notaman nan lopital Beraka pou enstale yon inite prodiksyon oksijèn.

Dapwè deklarasyon Direktè Adrien, demach sa a rantre nan kad envestisman gouvènman Moise/Jouthe la, kote yo rive rekòmande 20 inite jeneratè oksijèn yon mannyè non sèlman pou pote yon répons ak KOVID-19 la men tou rive alontèm fè fas kare ak pwoblèm oksijèn ke peyi a ap konfwonte depi djab pat ko kaporal.

Yon lòt bò, Direktè a soulinye jefò patenarya piblik/privé ki rive fèt la se yon mannyè pou kore demach gouvènman an. Se yon sant prodiksyon oksijèn ki kapab alimante 50 bonbòn chak jou daprè teknisyen santé piblik la yon mannyè pou sove lavi fanm ansent, ti bébé, ak granmoun ki nan detrès respiratwa

Yon lòt bò, pou Direktè Mozard sa gen lontan oksijèn te yon pwodui de liks nan depatman nòdwès la. Pou yon bon bout tan, “nou oblije voyaje jis Pòtoprens pou al plen boubònn oksijèn. Kidonk, se yon prodwi ki endispansab pou nenpòt ki sant medikal. Li se lavi.”

Dr Mozart rekonesan dèske Ministè Sante Piblik ak Popilasyon (MSPP) asèpte enstale inite prodiksyon oksijèn la nan Sant Medikal Beraka ki pral aprovizyone ou desèvi tout fraye medikal atravè depatman Nòdwès la.

Genson HYPPOLITE, TRiboLAND

Comments are closed.