Konfli tè : Responsab sant Medikal Paskatabwà yo anonse yap fèmen, paske yo pa an sekirite

3,446

04/04/ 2022

Paskatabwà, Pòdpè____(TRiboLAND) Nan yon nòt ki pote paraf Dr Anna ak Bòs Rob, yo anonse yap fèmen sant Medikal Paskatabwà a ak tout lòt projè yo te gen nan lokalite a jodi lendi 4 avril 2022 a akoz yo estime ke yo pa gen sekirite akoz yon konfli tè ki make san depi plizyè jou.

Nan deklarasyon Bòs Rob, li fè konnen ke yo sou teren an depi 22 lane, yo te fè tout prosesis legal yo, aprè yo te fin achte nan men Sauveur Fertil. Jounen jodia, pitit defen an estime yo te achte pou twò piti lajan; konsa, sa vin koz yap sibi anpil presyon nan men Me Annaise Fertil ak tout Me Jean Volney Bellamin, ansyen komisè gouvènman Pòdpè. Swit ak tout presyon yap sibi, yo deside fèmen tout enstitisyon ak projè yo te genyen nan lokalite Paskatabwà a.

Yon parèy desizyon pou mache pòs yo e fèmen tout bagay, leve plim sou do moun nan zòn nan ak tout sa ki konn soti nan divès kwen nan depatman ak rès peyi a pou boske sèvis tout kalite. Daprè rezidan yo, Dr Anna se yon manman pou yo e lè yo vin pran sèvis, non sèlman yo jwenn satiskasyon pou sa yo te vini an, men yo sèvi yo tankou moun ak anpil respè e sajès. Anpil nan moun ki vin pran sèvis nan sant lan deklare, tanke pou lopital la fèmen, yo pito antre nan batay tou.

Nan jou sa yo, nan okazyon komemorasyon jou konstitisyon 87 la te antre an vigè a, Peyizan Tèt Kole te òganize yon sit-in, nan Kafou Paskabwà; kote yo te chita sou zafè konstitisyon an ki pa janm aplike nan tout entegralite-l; men tou manifeste kont moun ki rann lavi responsab yo nan Sant medikal Paskatabwà ensipòtab.

Konsa, anpil kawotchou tap bwile pou te enpeche aktivite sit-in nan fèt, yon sitiyasyon ki te riske dejenere anba latroublay.

Si otorite yo pa mete bouch nan yon parèy dosye, genyen anpil chans pou Ba Nòdwès konnen yon lòt masak kap pi mal ke Masak Ti Peyizan Tèt Kole Jan Rabèl yo ki genyen plis pase 30 lane.

Fanuance HODNEY

Comments are closed.