Direktè ekzekitif Vizyon Ayisyèn Dwa Moun nan Tigwav, salye desizyon CSPJ a pou kwape kèk majistra ki nan move zafè nan sistè Jistis la

1,111

 01-17-2023

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Direktè ekzekitif Vizyon Ayisyèn Dwa Moun (VHDH) nan komin Tigwav, Mèt Jules Romilus nan yon entèvyou ak TRiboLAND jounen madi 17 janvye 2023 a, salye desizyon Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè (CSPJ) pran nan tèt kolé ak ministè jistis e Serite Piblik pou pou bat tenèb dèyè yon seri move majistra zafèyis ki kontribye nan efondre sistèm jistis la nan peyi Dayiti..

Konsa, responsab VHDH la deklare plis pase 30 majistra ki ekate pou enplikasyon yo nan move zafè, sal imaj sistèm jistis la.

Mèt Jules mande pou ekzèsis sa a, kontinye nan tout lòt jiridiksyon andan peyi a, epi pou CSPJ a mennen demach pou sezi byen tout majistra ki fè tò nan sistèm jistis lan.Teknisyen nan zafè dwa moun nan, fè konnen li anòmal yon majistra rantre nan sistèm jistis la prèske toutouni epi nan yon lane pou rive 2 lane li gentan pwosede plizyè fòtin alòske salè yo pa pliske 50,000 goud.

Nap siyale, pami Majistra ki pa asiste tiraj yo, genyen 3 tigwavyen; Mèt Ikenson Edumé ki te jij enstwiksyon nan Tribinal Premye enstans Pòtoprèns, Mèt Yvelt Petit-Blanc, jij enstwiksyon nan jiridiksyon Kwa Dèboukè ak Mèt Evens Eltima, jij nan Kou Dapèl Pòtoprèns.

JOICY Arnold

Comments are closed.