Ajan PNH yo kraze anviwon 5 gwo koure jounen lendi 01 avril 2024 la nan boukantaj kout zam, nan komin Petyonvil.

892

04 – 02 – 2024

Petyonvil, Ayiti___(TRiboLAND) Pou pi piti 5 gwo koure tonbe, divès zam ak minisyon rekipere, se bilan ajan PNH yo jounen lendi 01 Avril 2024 la, nan kad boukantaj kout zam ak gang sangwen yo nan komin Petyonvil, patikilyèman nan zòn Meyòt 37.

Enfòmasyon ki rive jwenn nou nan bon ti mamit ta fè kwè, nan moman lapolis t ap twoke kòn yo ak bandi yo, popilasyon an pat ezite kanpe an dan di kont plizyè nan bandi yo. Se konsa, sa lakòz anviwon 2 nan yon enskri nan “pwogram bwa kale” a.

Nan moman n ap pale la a enfòmasyon yo ta fè kwè aktivite yo ta sanse reprann timidman nan komin Petyonvil, notaman nan zòn Meyòt 37.

Comments are closed.