Nan Kad dosye asasinay pwezidan Jovenel Moise la, Jij Walter W. Voltaire tande òmdafè Réginald Max Jean Vorbe

822

10-05-2023

Pòtopwens, Ayiti____(TRiboLAND) Plizyè gwo chabwak ki ta sanble genyen non site nan zak asasinay ki te fèt sou ansyen pwezidan Jovenel Moise la, kòmanse ap odisyone youn apwè lòt. Apwè seyans bat bouch ke li te genyen avèk ansyen pwezidan Michel Martelly, Jij Walter Wesser Voltaire ki enskri sou dosye a, odisyone jounen mèkredi gwo òmdafè Réginald Max Jean Vorbe.

Enfòmasyon yo vle fè kwè ke annafè a reponn tout kesyon ke Jij Voltaire te adrese envite sou zak asasinay la, dapwè sa avoka kap defann Vorbe la, Mèt Fanfan Guérilus ta deklare.

Avoka Guérilus konfime ke tout bagay te pase trè byen, alòske Réginald Max Jean Vorbe te retounen kalmeman lakay li san difikilte. Konsa, li toujou an eta disponiblite pou nenpòt ki lòt odisyon nan kad dosye asasinay pwezidan Jovenel Moise la.

Comments are closed.