wa Dèboukè : Nèg ak zam detwi yon pati nan Pak Endistriyèl Digneron

818

04 – 01 – 2024

Kwadèboukè, Ayiti _____(TRiboLAND) Bandi sangwen piye ak boule yon pati nan Pak Endistriyèl Digneron ki trouve-l nan komin Kwa Dèboukè nan lannwit dimanch 31 mas 2024; bandi yo dechèpiye bagay pou anviwon ki estime 15 milyon dola daprè sa yon responsab deklare.

Nèg ak zam pote ale tout materyèl enfòmatik yo, epi detwi machin endistriyèl ak biwo yo. Nap raple vyolans gang yo nan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan te pèmèt responsab yo fèmen Pak la nan mitan ane 2022 a.

Nèg ak zam ki reyini atravè kowalisyon “Viv Ansanm” pa deside kanpe sou zak vyolans yo, e chak jou ki jou yap efondre peyi a pi plis e san pitye.


Comments are closed.