Sen Lwi Dinò: antèman Louis Joseph ke asasen SWAT te touye nan Christ Roi 21 me 2020 an, chante apwè midi a

754

Sen Lwi Dinò____(TRiboLAND) Se avèk anpil emosyon ke popilasyon Sen Lwi Dinò ap gade pasaj pitit gason yo, Louis Joseph ke anpil moun konnen sou non “Ti Louis” ou “Black Look” ki te mouri jedi 21 me 2020 anba bal kriminèl yon gwoup asasen nan kò SWAT nan Christ Roi nan Pòtopwens.


Antèman Louis Joseph nan Legliz Batis Emanyèl nan Sen Lwi Dinè, Jedi 4 Jwen 2020

Li te vè 1:00 apwè midi jodi Jedi 4 jwen an antèman Enjenyè Enfòmatik la “Ti Louis” chante nan L’Eglise Baptiste Emmanuel de Saint Louis du Nord. Seremoni finèb sa ki te gen yon fòma familyàl, te sèlman regwoupe yon dizènn manm fanmiy (madanm, yon ti fiyèt 6 lane, tonton, e latriye) akoz enplikasyon kowonaviris la ki egzije pwotokòl distans sosyàl yo.

Konsa, popilasyon an te nan kanpe lwen, sepandan sa pat anpeche yo tap chante “ce n’est qu’un au revoir” pou “Ti Louis” ki kite dèyè vrèman tout yon vil enkonsolab ak yon fanmiy ki detèmine pou defen an jwenn JISTIS!

Nap raple, Louis Joseph te yon kad nan Ministè Afè Sosyàl, li te jwenn lanmò li nan moman yon patwouy SWAT tap twoke kònn yo ak yon group bandi alòske sitwayen pezib la arive krible anba bal SWAT nan moman li ta pwal achte lèt pou ti pitit li ki genyen 6 lane.

Kondòleyans a tout fanmiy e zanmi ke lanmò sa fwape! Ke nanm “Black Look” repoze anpè e ke li pa sispann vizite sa yo ki etènn souf li pou granmesi!

Comments are closed.