Lapolis nasyonal Dayiti poze lapat sou 3 bandi ame nan yon Ti bus nan Petionvil aswè a

297

12\01\20

Petyonvil, Pòtprens_____(TRiboLAND) Nan yon operasyon, Lapolis nasyonal Dayiti poze lapat e mare kon krab 3 bandi sangwen ame nan yon Ti bus nan Petionvil aswè a. Yo jwen 2 zàm nan men yo ki se yon a milimèt ki se zàm lapolis nimero: TFX-44867 ak yon 38.

Bandi sa yo ki tap trese lèl nan yon ti bus ki matrikile TP-53807 te jwen bouchon yo lòske yon patrouy fòs sekirite te kanpe yo tou pre Moto Plaza a, nan Petyonvil aswè madi premye desanm 2020 an.

Yon video ki se koutwazi ExodeNews ap di plis!

Comments are closed.