Lapolis vide atè 3 bandi sangwen ki tap transpòte minisyon

823

01 – 20 – 2024

Pòtopwens, Ayiti____(TRiboLAND) Gwo konfwontasyon ant lapolis ak yon gwoup 4 bandi ki tap transpòte minisyon abò yon Mercedes Benz, plak BB-10550 koulè ble maren, nan fen jounen vandredi 19 janvye 2024 la, toupwe simityè Pòtopwens lan.

Lapolis riposte avèk anpil fwaka, apwè youn nan bandi yo te tante ouvwi zam sou patwouy lapolis la. Boukantaj kout zam, okazyone 3 sangwen mouri anba bal, alòske pwemye sa ki te tire sou lapopo a, arive pran lyann.

Enfòmasyon yo fè konnen ke machinn sispèk la tap pwan direksyon Belè; lapolis sezi li ak yon bon valè minisyon.

Comments are closed.