Yon gwoup sitwayen akonpanye Delva Philippe devan tribinal Senlwidinò a, pou demanti enfòmasyon ki fè kwè Delva Philippe gen gwoup gang nan lokalite Zabriko.

803

01-30-2024

Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Yon gwoup sitwayen nan popilasyon Senlwidinò a, akonpanye Delva Philippe mase devan tribinal Senlwidinò a, pou pote yon demanti fòmèl sou enfòmasyon ki ta fè kwè Delva Philippe gen gwoup gang nan lokalite Zabriko.

Selon lafamiy Philippe, Delva pa janm mele nan zaki pa sa nan komin nan. Yon lòt bò yo fè kwè ke yo parèt devan tribinal la pou drese yon manda kont Olsen Sentil ki se otè entèlektyèl trak ki pibliye sou facebook jedi 25 janvye 2024 la, sou kont Barbana Olibrice.

Pou anpil moun, se mannigans politik kap fèt, pou sal repitasyon sitwayen an kòm bout di nan komin nan Senlwidinò

Fanmiy Delva Philippe mande lajistis nan depatman an, ede yo jwenn moun kap fini ak repitasyon jenòm sa a. Konsèy minisipal la kite resevwa deleyans sitwayen an, kalifye Delva kòm yon moun onèt nan sosyete a, avanse yon rekèt devan jij la bay anfavè viktim nan.


Comments are closed.