Fiti obsèvatè nan Konsèy prezidansyèl la , René Jean Jumeau menase retire kò li nan pwoseIs la.

916

03 – 24 – 2024

Pòtoprens, Ayiti __(TRiboLAND) Reprezantant REN, René Jean Jumeau fiti manm obsèvatè nan Konsèy prezidansyèl la, anonse li menase retire kò li, akoz obsèvatè yo pap genyen dwa pou yo vote kòm manm nan pwosesis Konsèy prezidansyèl la.

Nan sans sa a, René Jean Jumeau plede pou obsèvatè yo genyen dwa pou yo vote san problèm. René Jean Jumeau fè seri deklarasyon sa yo, nan moman li tap patisipe nan yon reyinyon komiinote Karikòm tap òganize ak manm Konsèy prezidansyèl la nan lannwit samdi 23 mas 2024 la.

Nap siyale, enfòmasyon kominote Karikòm te bay kòm kwa demen lendi 25 mas la, yap pwosede ak entalasyon 7 konseye ak 2 obsèvatè, sou wout pa fèt akòz genyen gwo van divizyon kap soufle nan mitan yo.

Comments are closed.