Ajan fòs lòd komin Senlwidinò akonpanye ak polis minisipal la mete men nan patkasav chèf gang Tètkòk.

1,286

10-24-2022

Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Polis nasyonal nan komin Senlwidinò akonpanye polis minisipal la mete anba kòd yon bandi ki rele tèt li “Tètkòk”, youn nan chèf gang Erick Prospère kite konnn fè lapli ak bontan nan depatman Nòdwès la, patikilyèman nan lokalite Many, komin Senlwidinò.

Nap sinyale w, aprè lanmò chèf gang Lakwa Senjozèf la, Erick Prospère ke popilasyon Mevyèl la te lenche mwa pase a, Tètkòk te refije l nan yon gwoup gang nan vil Pòdepè. Lapolis nan depatman an demantle rezo a.

Aprè enfo yo, Tètkòk te rantre nan komin Senlwidinò abò yon motosiklèt nan minwi. Se byen konte mal kalkile; Tètkòk ap reflechi jounen jodi lendi 24 oktòb la nan komisarya Senlwidinò.

Fwa sa, Direksyon polis Nasyonal Nòdwès la, dekrete pè las nan dengonn bandi sangwen yo kap bay latè do gren pagren .

Pierrilien Nicol Colly

Comments are closed.