Konfli lizyè : animatè Pouyòl sibi anpil presyon nan tribinal depè Senlwidinò a.

27
0
Share:
TRiboLAND

04/29/2026

Senlwidinò, Ayiti_____(TRibiLAND) Yon gwo konfli lizyè pete ant yon sitwayen ki rele Marcel ak animatè Pouyòl, 2 vwazinay ki arive nan chire pit pou 4 branch mang ki panche sou yon do kay.

Selon animatè Pouyòl, branch mang yo ap kraze tòl lakay li. Konsa, li te mande madam Marcel pou l te retire branch bwa yo ki travèse lizyè. Konsa, madam nan te ba li otorizasyon. Touswit aprè li te fin debranch pye mango a, mari madam nan ki pa rete nan kay la deside voye manda tribinal dèyè Pouyòl.

Rive nan tribinal la, anpil kòtmaltaye tap manniganse. Jij ak avoka pat bay Pouyòl pèmisyon pou li esplike fè a. Touswit dosye a vire sou yon kesyon amannn ak prizon. Konsa, se nan ladrès avoka defans lan arive answit fè transfere dosye a nan tribinal sivil Pòdepè. Men kanta pou jij Ederne Lubin ak avoka Marcel la, yo ta reklame yon montan byen detèmine ki te deja planifye pou dedomaje 4 branch mango yo ki koupe sou pwòp do kay animatè Pouyòl la, oubyen li pran wout kalabous.

Animatè Pouyòl ap mande otorite yo nan lajistis pou pran defans li. Li estime ke li viktim 2 fwa. Li deklare, aprè chak rekòt mango, li oblije chanje tòl sou do kay li. Li pa arive konprann, li menase pran pwizon oubyen peye gwo amann, alòske se li menm ki viktim.

Anpil moun estime genyen anpil egzajerasyon lakay chak pati yo; yon parèy konfli lizyè pa genyen plas li, nan yon moman kote ke tout moun ap pwone lapè ak trankilite piblik. Vwazinaj se yon sèl kòt fanmiy

Share:

Leave a reply