Edikasyon : Mèt Max Eddy Augustin enstale kòm nouvo Direktè Edikasyon pou depatman Nòdwès la.

2,965

John Jean Jacques

02/05/2022

Pòdpè_____(TRiboLAND) Depi rive Premye Minis Ariel Henry nan tèt peyi Dayiti, enstitisyon piblik yo boulvès akoz anpil chanjman kap fèt ladan yo. Konsa, jodi vandredi 4 fevriye 2022 a, Mèt Max Eddy Augustin arive enstale kòm nouvo Direktè Edikasyon pou depatman Nòdwès la.

Byen ta jodi vandredi an, swa 8h nan aswè mèt Max Eddy Augustin ta pral enstale kòm nouvo direktè nan tèt ministè Edikasyon depatman Nòdwès la, kote l ranplase Mèt Amiel Webelaire DUFRESNE ki trasnfere kòm responsab invèsite rejyonal.

Max Eddy Augustin

Enstalasyon sila a te fèt nan lokal ministè a ki trouvel nan ri Lopital nan vil Pòdpè. Plizyè ansyen kad nan ministè a, direktè lekòl piblik tankou pwive, pwofesè ki te sòti nan tout bout kwen, te reponn prezan pou te kapab asiste yon parèy seremoni enstalasyon.

Nouvo direktè a, nan entèvansyon l remèsye minis edikasyon an, Nesmy Manigat ak tout ekip li pou konfyans yo plase nan konpetans li. Pandan l rekònèt ke travay kap tann li yo pa piti e yo pa fasil. Kidonk, li pwomèt ke li pral goumen bèk ak zong nan kolaborasyon ak diferan sèvis ki gen nan ministè a tankou: direktè lekòl piblik ak pwive, kò pwofesè yo ak latriye yon fason pou kapab leve eskanp figi edikasyon an nan depatman Nòdwès la.

Anpil direktè ak pwofesè bat bravo lakontantman pou chwa sa, pwiske selon yo menm moun pat twò santi wol ak travay ansyen direktè a nan yon parèy enstitisyon.

Comments are closed.