Plizyè òganizasyon denonse yon seri enstalasyon chanpwèl nan depatman Sidès peyia

819


05 – 23 – 2024

Jakmèl, Ayiti _____(TRiboLAND) Divès òganizasyon nan sosyete sivil ak politik nan depatman Sidès la, denonse yon seri enstalasyon chanpwèl kap fèt nan depatman an pandan fen mwa me a; moun ki enstale nan plizyè Direksyon depatmantal yo genyen lèt minis gouvènman demisyonè a.

Estrikti sosyal ak politik sa yo anonse yon leve kanpe pou denonse enstalasyon chanpwèl sa yo kap fèt nan Jakmèl. Dènye enstalasyon yo ki pi iritan, se enstalasyon Luxena Jean Pierre kòm Direktè tèt MTPTC yè mèkredi 22 me 2024 la.

Comments are closed.