Biner Jean Baptiste pann tèt li nan lokalite Kadè 3èm seksyon Twouchouchou kominal Tigwav.

913

03 -19 – 2024

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Biner Jean Baptiste, se non yon jèn gason aje 30 lane, pann tèt li madi maten 19 mas 2024 la, ozanviowon 5 kè am, selon jij depè sipleyan nan katye Vyalè, Tigwav. Se te Mèt Délicio Vernevil ki te pwosede ak konsta legal yo.


Majistra Délicio deklare, se lavi a ki difisil pou Biner Jean Baptiste ki ta lakoz li pann tèt li, daprè jij Délicio, viktim nan ta itilize yon dra pou sèvi kòd pou l komèt aksyon sila a.

Toutfwa, Mèt Délicio Vernevil fè konnen, li pase lòd ak fanmi pou fè fineray viktim nan, Biner Jean Baptiste pandan l li deklare lap travay pou achemine dosye a, nan nivo pakè jiridiksyon Tigwav la, pou swit legal yo.

Comments are closed.