Yon bèl ide kreyatif ou kominotè pou ede nan moman kowonaviris la

Kap Ayisyen____(TRiboLAND) Pati Renovate (PREH) demontre yon ide jenyàl lè li deside entwodwi yon ide kreyatif pou ede plizyè òganizasyon fabwike màs nan Nò ak Nòdès peyi a. Yon parèy ide te kapab kopye nan diferan lòt zònn atravè peyi a.
PREH arive distribye machenn akoud bay diferan òganizasyon ansanm ak twal ki reponn ak egzijans ou pwotokòl OMS yo nan fabwikasyon màs. Konsa, sa kreye opòtunite pou òganizasyon sa yo e jenere revni pandan ke yap asiste lòt moun pwoteje tèt yo avèk yon màs lokal.
Konsèp la reyèlman bèl! Se yon modèl pwatik ke anpil antite ki gen dezi pou ede te kapab adopte pou asiste yon gwoup moun pwomote lokal pandan yap fasilite moun jwenn màs pou konbat kowonaviris la. Felisitasyon pou PREH avèk yon parèy konsepsyon!






