Rèl pete nan Jeremi : Sektè komès lan an dèy…

08 – 01 – 2026
Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Se avèk anpil tristès ak dlo nan je zanmi pwòch, patizan ak senpatizan apwann lanmò sibit òm dafè Patirick Labonte, nan lannwit 30 pou louvri maten vandredi 31 Jiyè 2026 lan.
Daprè manm fanmiy defen an, òm dafè Labonte ta rive mouri swit ak yon malèz lakilbit lakay li. tAnplis, temwanyaj rezidan yo nan sant vil Jeremi pa kache endinyasyon yo fas ak yon seri pèsonaj gro tèt kap pèdi vi yo nan Jeremi. Konsa, se yon seri tèt pansant enpòtan ki te kapab kontribye nan devlopman chèf lye depatman an Jeremi.
Fas a fenomèn sila ki pwewokipe anpil sitwayen; e sitou yo mouri san malad. Yo estime k evil Jeremi ap pèdi anpil resous zimèn. Kèk obsèvatè menm ale pi lwen nan kad enpak ekonomik ke yon parèy dezas deja genyen sou ekonomi a nan Jeremi.






