Kòdinasyon Fanm Ayisyènn (SOFA) branch Grandans òganize yon mach pasik an silans kont tout fòm vyolans ak vyolasyon.

271
0
Share:
TRiboLAND

03-08-2023

Jeremi, Ayiti (TRiboLAND) Byen bonè maten mèkredi 8 mas 2023 a, nan okazyon Jounen Dwa Fanm yo, sou inityativ Solidarite Fanm Ayisyènn (SOFA) ak patisipasyon Kòdonatris depatmantal la, madanm Francoise Innocent e ak konplisite kèk lòt òganizasyon fanm nan Jeremi, realize yon mach pasifik pou denonse zak ensekirite jeneralize a.

Nan sans sa , manifestan pat mete dlo nan bouch yo pou te denonse yon ansanm deriv kap taye banda nan sosyete a. Yo tap klewone aba lavi chè, chomaj, blackout, zak kidnapping ak vyòl sou ti inosan. Ajoute ak sa, bandwòl ankwazman afiche ke fanm yo tap reklame dwa pou yo sikile lib e libè.

Mach la ki te trè pasifik, te pakouri divès ri nan vil Jeremi e fini san okenn ensidan majè.


Share:

Leave a reply