Bandi sangwen dechèpiye yon granmoun 70 lane

924

11-17-2022

Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Terméus Louis se non yon tonton 70 lane ki te rankontre laprès jedi 16 novanm 2022 a , pou rakonte sal pran anba men bandi sangwen.

Terméus tap viv nan kay ak madanm li epi 2 pitit. Aprè lanmò madanm li nan mas 2022, gwoup gang Erik Prosper debake lakay li yo touye epi vyole pitit fi li. Sa sete twokèt la chay la menm te dèyè. Aprè yon bon bout tan gang yo retounen e yo boule kay li, yo pote ale bèf, kabrik ak tout sa yo te jwenn nan kay granmoun nan. Yo mèm mete zam nan dèyè tèt granmoun nan poul kapab rakonte yo tout sal pwosede ki pat nan antouraj kay la.

Depi lè sa Terméus vin pèdi fèy lap mache rete lakay moun, pafwa se bon pwòchen ki lonje lamen ba li pou l viv. Endinyasyon fè lap mande mal pou tèt li paske li te gen ti mwayen pou l te viv, alòske koulya a se kay moun lap pran tout kalite desepsyon pafwa menm li ka pase 2 jou san l pa manje pou gade dinyite li nan sosyete, li pa vle mande moun charite .

Termèus kritike sangwen senatè, depite mal pou wont, ak majistra abolotcho yo ki fè vòt li pase anba pye epi tounen fwèt pou kale li. Yon lòtbò li fè konnen granmèsi chyen an se yon kout baton dèyè tèt. Me ki rekonpans peyizan jwen nan vote pou mete malandren chèf pou alimante bandi pou detwi lavi tout pòv malerèz yo.

Li kontinye pou l di, li fin granmoun koulye a li paka travay ankò. Li mande otorite yo nan peyi a pou pran swen l kòm viktim otorite peyi l.





Comments are closed.