Nòdwès : Yon gangan pa sispann fè anpil milyon ak bandi gang pou “pwen pa pran bal”

2,139

10/24/2021

Bono, Senlwi Dinò_______(TRiboLAND) Majorite kòmandan chèf ak sòlda gang kap simen dezagreman nan lari, yo tout chèche pwoteksyon mistik mete sou yo yon fason pou pa pran bal devan yon advèsè. Enfòmasyon ki arive jwenn TRiboLAND fè eta de yon jenn ti gason, petèt nan ven lane ki konfime e montre repòtè TRiboLAND, yon badji ogatwà chaje ak lajan pweske moun pa ka konte. Dapwè bòkò John, kliyan gan yo pa sispann vinn pran konsiltasyon akoz bonjan rezilta li ba yo. Yo pote avèk yo gwo magogo sak lajan pou fason ke lap jere yo ak resèt pwoteksyon Ginen an.

John ki abite nan Bono ki a kèlke kilomèt vil Senlwi Dinò ak Bèje toupwe Mòn van, pa pote kanson li pou bèl twàl! Selon rapòtè ki te sou plas; yon sèkèy boure ak lajan e pwèske pa gen plas pou mete kivèt lajan nan ogatwà gangan John. Mistik la ta sanble li tèlman bay bon sèvis, anpil chèf gang sòti nan anpil lòt zònn atravè larepiblik pou viv chèche pwoteksyon “lanj kondiktè” ki kapab fè yo disparèt devan ènmi an ou anpeche bal antre sou yo. Konsa, mesye bandi sa yo jwen resèt “pa pèse a” (pa pran bal) lakay gangan John ki konfime ke se li menm ki espesyalis nan blinde kò bandi malfektè yo.

Bono avèk bòkò John, pa sispan resevwà bandi tout plim tout plimay pou asiste gwo kandjanwon, demanbwe, seremoni “bang moute” ak manifestasyon “lèsen” pou bandi pa arive “pèse” (pa pran bal). Yon parèy eksplwa, fè Bono mete tèt li deyò nan depatman Nòdwès la kòm yon lye pelerinaj jounen jodia, kote bandi kap chèche “pwoteksyon lèsen” bwote san rete plizyè milyon dola an lajan ameriken ak ayisyen.

Comments are closed.