Flash/flash : BRH anba gwo atak gang yo moman n ap pale la.

863

03 – 18 – 2024

Pòtoprens, Ayiti__(TRiboLAND) Se prèske fini pou Ayiti. Nan moman n ap pale la nèg ak gwo zam manch long ap atake pi gwo bank peyi a, kise Bank Repiblik Dayiti (BRH).

Apre bandi sangwen yo te fin kase rezidans prive manman alatèt Ministè edikasyon Nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl la, nan moman nap pale la, yo anvayi BRH.

Plizyè mesaj ap voye bay lapolis pasi pala, nan moman sa pou wè nan ki nivo yo ka rive repouse gang yo, pou echape peyi a anba danje iminan sa a.

Comments are closed.