Kòdonatè depatmantal sektè sendika travayè ayisyen yo, bwanch Grandans, Nelson Thelemaque ankouraje yon sòti nan kriz galimatcha a.

811

03 – 17- 2024

Jeremi, Ayiti___(TRiboLAND) Kòdonatè depatmantal sektè sendika travayè Ayisyen yo, bwanch Grandans Nelson Thelemaque ki tap entèvni nan mikro TRiboLAND, fè konnen solisyon kriz peyi a, se nan men ayisyen ke l ye.

Kòdonatè sektè sendika travayè Ayisyen yo, nan Grandans, nan non sektè travayè a, rejte demach Karikòm sèt tèt lan kap mennen Ayiti nan plis kriz; pèsonn pap konnen pou ki kantite lane.

Fas ak ansanm pwoblèm, kalamite, grangou, ensekirite jeneralize, twoub politik ki pa ekate pèson moun nan sosyete a, mesye Nelson Thelemaque mande pèp la pwan desten l an men.

Comments are closed.