Kilti : premye jounen rara nan komin Senlwidinò.

95
0
Share:
TRiboLAND

03/30/2026

Senlwidinò, Ayiti______(TRiboLAND) Depi byen bonè maten 29 mas 2026 la, tout moun te deja sou deran nan tout kwen lari a ap tann pasaj bann yo ki pral pote bèl mèreng yo te prepare pou ofri popilasyon an nan komin Senlwidinò.

Se te yon veritab kadeleskopi, yon seri koulè vivid ke moun pa janm wè avan. Fanatik bann yo abiye ak bèl inifòm, chapo, bèl dekorasyon ki tradwi anblèm rara ke yo ap sipòte a. Senk gwo bann te mobilize e anpil dispozitif te pran pou asire pakou defile rara a; alòske bon son ak yayad te fè mikalaw nan tout lari a Senlwi.

Toufwa, lapopo ak chèf bann yo aplike tout mezi dispozitif yo pou anpeche afwontman nan moman anbyans yo . Malgre vijilans fòs polis ak komite kap jere foul la, sa pat anpecha gen kèk sitwayen ki viktim ak kout boutèy nan bann Zoreken an.

Share:

Leave a reply