Opsyon plonbri a ap vanse ak gran pa nan youn nan 12 lekòl OCEP yo nan depatman Nòdwès la.

925

03 – 17 – 2024

Pòdpè, Ayiti__(TRiboLAND) Malgre majorite aktivite yo andedan peyi Dayiti moribon, sapa anpeche Osnel Clairilus École Professionnelle kontinye ap mete bagaj nan tèt jenès la gratis ti cheri, atravè 12 lekòl pwofesyonèl li yo nan depatman Nòdwès la.

Seka pou opsyon plonbri a nan vil Pòdpè, patikilyèman nan lekòl Richard Brusson, kote plizyè dizèn aprenan kontinye ap pran tèren pou miltipliye bèl zèv pratik yo nan tèt kole ak ansenyan yo.

Osnel Clairilus École Professionnelle ankouraje chak jèn fanm ak jèn gason vin aprann yon metye manyèl gratis ti cheri, paske lèw prann yon metye, se yon valè anplis ki ajoute nan mond lan.

Pandan l ap remèsye tout staff li yo, PDG Osnel Clairilus ap raple jèn yo nan depatman Nòdwès la, ke objektif lekòl la se diminye fenomèn delenkans jivenil la ak kantite jèn fi k ap fè pitit avan lè yo, san yo pa gen yon metye manyèl.

Comments are closed.