Pou pi piti 17 gwo koure bwè dlo bouch yo, 17 zam sezi, yon veyikil konfiske se bilan operasyon PNH la, sòti 29 fevriye pou rive 26 mas 2024 la.

847

03 – 26 – 2024

Pòtoprens, Ayiti____(TRiboLAND) 17 prezime bandi blese mòtèlman, pami yo Ti Greg ak Mackandal, 17 zam sezi pami yo plizyè kalib 12, AK47, 9mm, M4 ak konfiskasyon yon veyikil, se bilan operasyon ajan PNH yo mennen, sòti nan dat 29 fevriye pou rive jounen madi 26 mas 2024 la.

Dapwè yon wo responsab nan PNH la, latriye operasyon sa yo mennen nan kapital la, nan lide pou kontrekare bandi san fwa ni lwa yo ki vle achte kapital la lajan kontan.

Nan sans sa a, ti ponyen òganize ki rete nan PNH la bay popilasyon an garanti ke yo pap lage bay e yo deside jiskobou kanpe goumen kont gwo koure sangwen yo, pandan y ap mande apwi popilasyon an.

Comments are closed.