AJSNO pran inityativ pou netwaye PLas Dam Pòdpè a.

1,254

Asosyasyon Jenès Solidè Nòdwès, tanmen yon konbit travay, nan lide pou rele chalbari dèyè fatra sou PLas Dam Pòdpè a.

12/07/2022

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Nan lide pou chanje vizaj Plas Dam Pòdpè a, kap patoje nan fatra depi dig dantan, Asosyasyon Jenès Solidè Nòdwès, ki genyen syèj sosyal yo nan “Rue notre Dame” nan lokalite Lakoup, pran inityativ pou netwaye epi kouri dèyè fatra nan espas sila ki trouve li anfas Katedral Imakile Konsepsyon nan site Kapwa Lamò a ak lòt zòn ki anviwone l yo.

Yon Asosyasyon ki chaje ak jèn volontè e ki bay tèt yo misyon fè sosyal ak pwomouvwa zafè kiltirèl; yo pa deside rantre nan zafè politik.

 Poze kesyon pou konnen, sous finansman yo? San boukante lapawòl, yo fè konnen yo jwenn kèk sipò materyèl tankou:  bourèt, pèl ak divès lòt lo ekipman. Pou yo menm,  objektif la pa lòt bagay sinon ke netwaye site Kapwa Lamò a.

Pwomèt yon akonpanye pèsonèl, direktwa Asosyasyon Jenès Solidè Nòdwès la, sinyale yap gen pou travay tou nan zafè fòmasyon, edikasyon, sansibilizasyon ak motivasyon pèsonèl.

Comments are closed.