Komisè gouvènman pakè jiridiksyon Okay la, Ronald Richemond etènn souf yon Bandi.

828

03 – 17 – 2024

Okay, Ayiti ___(TRiboLAND) Komisè gouvènman pakè jiridiksyon Okay la, Ronald Richemond mete boy nan pwa yon bandi aprèmidi dimanch 17 mas 2024 la, yon bandi ki pote non Lamisère Franck alias Djo, 34 lane sou tèt li.

Komisè Ronald Richemond rekipere yon zam kalib 380 nan kad yon seri operasyon li tanmen pandan week-end nan.

Nan sans sa a, chèf pakè Okay la, Mèt Richemond mande popilasyon nan Gran Sid peyi a, pou kontinye kolabore ak lapolis, lajistis atravè enfòmasyon yap founi yo, pandan l ankouraje yo denonse bay lapolis chak fwa yo ta remake enkoni nan zòn yo.

Comments are closed.