Krab la gra pou lapolis nan Sen Michel Latalay: 5 prezime kidnapè arive fouke

2,296

07-24-2022

Sen Michèl Latalay, Ayiti _______ (TriboLAND) Nan matine samdi ki te 23 jiyè 2022 a, Lapolis ak konplisite divès inite espesyàlize mennen yon operasyon tranble janm e arive demantle yon rezo kidnapè ki genyen men yo tranpe byen fon nan zak anlèvman ou sekestasyon yon jèn fi 17 jiyè pase a nan Sen Michèl Latalay.

Nan moman operasyon sila, ki te genyen ranfò DCPJ, DDO2 (BRI, BLVV e CCE) ak UDMO, fòs lòd yo arive fouke 5 prezume kidnapè sangwen ki pote non: Joseph Louise Marie alyas Kerline (reselè ki pou siveye viktim yo), Julien Clervoyant, Libonet Dor (bòkò), Gesneau Sanon ak Etienne Wesley ki se Tonton chèf gang yo ki alatèt group malfektè a.

Konsa, mesyedàm yo trouve yo jounen jodi a nan gadavu nan DCPJ, kote yo ap rete tann pou fè fas ak lajistis.

Comments are closed.