Tab mobilizasyon an nan Tigwav lanse 2ème faz batay la.

818

03 -16 – 2024
Tigwav Ayiti ___(TRiboLAND) Tab mobilizasyon an, nan Tigwav manifeste nan lari aprèmidi vandredi 15 mas 2024 la, nan lide pou denonse kominote Karikòm ak kò gwoup yo di kap fè enjerans nan zafè entènn peyi Dayiti.

Manifestan yo ki te demare nan 2èm seksyon kominal Tigwav, kote yo pakouri plizyè kilomèt ap manifeste avan yo rantre nan vil la, yo te genyen pankat nan men yo ki make divès revandikasyon pami yo, yo pa nan Karikòm, yo pa nan kò gwoup, yo pa nan Konsèy prezidansyèl ak 7 manm, yo vle yon solisyon ayisyen ant ayisyen.

Pwotestatè yo pa mete dlo nan bouch yo, pou denonse mesye dam akò 21 desanm yo di ki tap kolabore ak doktè Ariel Henry ki lage peyi a nan pi bafon salt eke li pa janm ye.

Nan sans a, pwotestatè yo deklare se Konsèy ki genyen manm Kou Kasasyon an ak ansyen senatè eli kondane a, Guy Philippe yo reklame pandan yo presize si yo pa jwen Konsèy 3 manm nan, se swa yo tout libere ansanm ou byen yo tout peri ansanm.

Comments are closed.