Lameri Tigwav tanmen yon mouvman reparasyon sou plas Dame Tigwav la.

08 – 15 – 2026
Tigwav, Ayiti _____(TRIboLAND) Komisyon kominal Tigwav la, tanmen plizyè pwojè nan vil la, pami yo reyabilitasyon plas Dam Tigwav la, yon pwojè ki fèt nan lide pou refè feskanp figi Tigwav ki nan yon sitiyasyon demeplè.
Selon majistra enterimè prensipal la, Fedner Hilaire Admirable, genyen 7.000 000 goud ki disponib pou reyabilite plas la. Li fè konnen lajan sila a, sòti nan fon kominal yo.
Penti, reparasyon jè do, netwayaj, plantasyon flè, se aksyon ki deja poze nan kad pwojè reyabilitasyon kap fèt sou plas Dam Tigwav la.
Yon lòt kote, plizyè sitwayèn ak sitwayen pa manke mo pou kritike komisyon kominal la, yo di ki pa repare fil elektrik ki kondwi pou alimante anpoul yo mete sou yo. Yo repwoche yo tou, deske yo bay plas la yon move koulè penti dezagreyab, jònn abriko ak ble; yon maryaj koulè ke yo estime ki pa koulè vil Tigwav.
Nan sikonstans sila, yo mande pou lameri pa fe bouch yo long; yo egzije ke responsab dwe pentire plas la ble e blan, yon seri koulè ki se koulè vil Tigwav.






