Lavil Dajabón dezète akòz fwontyè a ki fèmen e konstriksyon kanal irigasyon yok ap rapouswiv

258
0
Share:
TRiboLAND

09-08-2023

Wanament, Ayiti ____(TRiboLAND) Fwontyè ant Ayiti ak Repiblik Dominikèn nan Dajabón rete fèmen pandan peyizan nan plèn Womaribawou ap kontinye konstriksyon kanal irigasyon an nan larivyè Masak.

Tou swit apwè peyizan ayisyen yo nan plèn Womaribawou pran inisyativ pou kontinye konstriksyon kanal larivyè Masak la, ke gouvènman dominiken an te denonse, sa te okazyone fèmti fwontyè a nan Dajabón. Anplis, lapolis dominikèn pat pran tan pou lonje dwat akizasyon sou ayisyen ki ta touye 4 moun nan yon fanmiy dominikèn nan Dajabón.

Dapwè William Estévez, yon jounalis nan medya dominiken, Listín Diario, konfime ke vil Dajabón konplètman dezète e san vi. Pou jounalis la, ayisyen yo pa fè ale vini ankò; antre vinn vann ou achte machandiz ak pwodwi agrikòl nan lari a.

Alòske, toupwe fwontyè a, lame dominikèn toujou ap fè legetè; yon bagay ki ta fè sanble ke ouvèti lizyè a pa pou demen.

Share:

Leave a reply