Kòdonatè kazèk premyè seksyon kominal Tigwav la, denonse yon gang tèryen ki genyen tout yon seri aktè nan chèn penal la

171
0
Share:
TRiboLAND

09 – 04 – 2026

Tigwav, Ayiti ____ (TRiboLAND) Kòdonatè konsèy seksyon kominal premye plèn Tigwav la, Délicieux Rilnord rankontre laprès mèkredi 02 septanm 2026 lan, nn lide pou denonse yon gang tèryen ki genyen ladan tout yon seri aktè nan chèn penal la ki mare sosis yo ansanm pou vòlè yon tèren li mandatè li depi plis pase 16 lane.

Kazèk Rilnord Délicieux ki di li mandatè tèren sila a, depi plis pase 16 lane nan premye plèn Tigwav. Li akize kèk jij nan tribinal sivil jiridiksyon Tigwav la, li di ki mare konplo ak yon seri malfwa pou akapare tè moun nan popilasyon Tigwavyèn nan. Kazèk la site kèk non moun li di k’ ap konplote pou vòlè tè li, pami yo yon masèlen tankou Jhonny Marcelin, Juvens Emile di Jacky ak Edmond Augustin.

Administratè premyè seksyon Tigwav la, Rilnord Délicieux mande lajistis nan jiridiksyon Tigwav pou foure bouch nan dosye sila a. Li anonse li pral pote plent nan konsèy pouvwa jidisyè (CSPJ) yon fason pou rale zòrèy jij yo k’ap konplote ak malfwa pou volè tè moun nan Tigwav.

Vòlè tè, se youn nan pi gwo kansè kap sakaje sosyete ayisyèn nan. Se yon veritab kò mafya ki chaje ak avoka dwèt long ou note ak apantè, e pase pran majistra, depite ak senatè ke Lajistis bay pouvwa ak benediksyon pou deposede malere atravè kat kwen peyi Dayiti ak nan diaspora a.

Share:

Leave a reply